Luis Amagro, sekretè jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo nan yon deklarasyon li fè bay jounal Miami Herald jedi pase a, swete wè militè Nasyon Zini retounen nan peyi Dayiti.
Yon lòt bò, Sekretè Deta OEA a pa sispann akize kominote entènasyonal la, li di ki konplis nan sa k ap pase nan peyi a. Selon Luis Amagro, se lakoz ONU te mete fen ak 15 lane MINUSTHA nan peyi a ki kontribye nan sa k ap pase la a a nan sosyete Ayisyèn nan.