Aprè yon match tèt chaje ant Manchester City ak Real Madrid ki fini yon gòl nan chak kan pandan tan reglemantè yo, Real pral ekate City nan seyans penalite 4 a 3. Viktwa sa a tou bay klèb Mezon Blanch lan kalifikasyon l pou demi final Ligdèchanpyon an.
Nou dwe sinyale gwo match gadyen Real la jwe devan « Citizens » yo kote li fè anpil gwo arè ki te ka fatal pou poulen Carlo Ancelotti yo, si l pat kenbe yo.