Pòtoprens, Dèlma, Petyonvil leve anba gwo tansyon vandredi 27 jwen 2025 lan. Nan Dèlma 32, zòn Delimat, kawotchou t ap boule, Dèlma 40 tou. Desann Kanapevè te enposib sa ki te lakoz gwo gwo blokis sou Dèlma ak Boudon. Sitiyasyon sa a rive akoz yon manifestasyon ki ta dwe demare nan Kanapevè jounen vandredi sa a.
Tansyon sa yo ki deklanntche a se pou egzije sekirite selon kèk òganizatè.