Plizyè Inite nan kò Polis la tankou SWAT ak UTAG san bliye DDO-2 te mennen yon operasyon nan zòn Pènye ak Dime nan Plèn Kildesak lendi 31 oktòb pase a. Daprè responsab yo, operasyon sa a se pou atake, atravè yon task fòs gang Vitelòm ap dirije a. Polisye yo te nan plizyè blennde e gen yon moun ki arete ak yon machin ki te pèdi rive rekipere.
Kòmandan an chèf Lapolis la, Frantz Elbé ak tout wo kòmandan an mete tèt yo ansanm atravè task fòs sila a pou rive demantle gang sa a daprè sa yo di. PNH la solisite èd popilasyon sivil la yon fason pou rann travay yo plis efikas.