Jean Ernest Muscadin ki se komisè gouvènman Miragwàn nan nan tèt kole a BLTS sezi plizyè bwat ki gen pòchèt yo konn pote zam, plizyè dwon ak kèk bwat ki gen lòt materyèl sansib ladan yo nan dwàn Miragwàn nan. Yo sezi materyèl sa yo maten samdi 3 me 2025 lan. Selon premye eleman enfòmasyon yo, materyèl sa yo se pou yon polisye k ap travay nabmn dwàn nan men yo antre sou non madanm yon patwon medya ki se radyo Flamax.
Materyèl sa yo nan men otorite nan komin nan annatandan rès pouswit legal yo.