Selon sekretè d Eta ameriken an, Marco Rubio, gang Viv Ansanm nan ak gang Gran Grif nan Latibonit ofisyèlman ajoute kòm gwoup teworis nan rejyon an. Gwoup teworis sa yo ak tout moun k ap finanse dwe tonbe anba sanksyon e gen anpil posiblite pou dosye sa a mete diplomasi ayisyèn nan nan gwo toumant ak lòt peyi nan mond lan. Desisyon sa a sòti anviwon 72 èdtan aprè gouvènman ameriken a te fin enfòme kongrè a sou sa.
Se depatman trezò ameriken ki pibliye desizyon an jodi a menm.