Vè midi 31, avyon ICE Air rive nan Ayewopò Entènasyonal Okap la avèk anviwon 100 migran ayisyen jounen jedi sa a. Pami moun sa yo gen ansyen pwotektè sitwayen an, Renan Hédouville ki te arete Ozetazini semèn pase a. Èske lajistis ayisyèn ap tou kenbe l pliske te dechèpiye lajan Leta a? Yon dosye n ap swiv. Se 3e vòl depòtasyon nan 3 semèn ki fèt la a.













