Sitwayen ayisyen pral gen posiblite pou ale Brezil san viza si sa gen pou wè ak “ka regwoupman familyal”, selon yon desizyon lajistis nan peyi Brezil pran yè vendredi 16 desanm 2022 a. Daprè jounal Listin Diario, moun ki swete ale yo dwe gen otorizasyon tribinal peyi Brezil yo paske se ayisyen ki o Brezil […]Lire plus...
Nan kad sanksyon peyi aletranje yo ap pran kont òm politik ak moun ki nan biznis an Ayiti ki nan gang ak lòt move zafè, peyi Laswis vin agrandi lis la. Depi jounen vandredi 17 desanm nan, sanksyon sa yo antre an vigè e se menm non nou abitye tande yo ki tonbe anba sanksyon […]Lire plus...
Canelo Alvarez se non boksè meksiken sa a ki pwomèt pou l bat Lionel Andrés Messi nenpòt kote li ta kwaze avèk li. Li fè deklarasyon sa a poutèt Messi te pouse yon mayo ekip Meksik la ak pye l pandan yo t ap selebre viktwa yo a anndan vestyè a. “Pito l priye Bondye […]Lire plus...
Pou eksprime dezakò li ak fason anplwaye yo ap travay nan Central Romana Corporation, administrasyon Joe Biden entèdi pou yo enpòte sik ak tout lòt pwodui ki fèt ak baz sik ki sòti nan konpayi sila a. Etazini fè konnen, konpayi sa a pa respekte dwa anplwaye yo e mete sou sa y ap fè […]Lire plus...
Si pa gen okenn konsansis ki jwenn ant pati politik yo an Ayiti pou yo aksepte fòs militè etranje debake an nan peyi yo a, nou p ap pote okenn sipò militè ba li. Nou t ap site deklarasyon premye minis Kanadyen an ki se Justin Trudeau. Yon lòt kote, chèf gouvènman kanadyen di li […]Lire plus...
Gérard Nicolas 51 lane, se non yon sitwayen ki gen nasyonalite ayisyèn ak kanadayèn ki jwenn arestasyon l pou dosye teworis. Non li site kòm moun ki t ap tante fè yon koudeta kont ansyen prezidan Jovenel Moïse depi avan 2021, daprè sa yon jounal nan peyi sa a ekri. Selon Jandamri Wayal Kanada, mouche […]Lire plus...
Peyi Kanada fè konnen li dispoze pou akeyi 500 000 imigran chak ane pou al travay. Pwogram sa a ap bout nan lane 2025. Daprè responsab peyi sa a, gen plis pase 900 000 pòs travay ki disponib pou kategori sila a. Minis imigrasyon kanadyen an swete pou rive 2025, plis pase 60% admisyon total […]Lire plus...
Gertrude Phénix ak tout mari l Xavier mouri asasinen ak bal moun yo pa rive idantifye anndan machin yo. Koup sa a te gen 2 ti moun avèk yo, yon ti gason 2 lane ak yon ti fi. Ti gason an mouri e ti fi a lopital ap pran swen. Daprè enfòmasyon yo, dram sa […]Lire plus...
Luís Inacio Lula Da Silva genyen eleksyon prezidansyèl nan peyi brezil ki te reyalize jounen dimanch 30 oktòb 2022 a , ak yon pousantaj 50,85% kont 40, 9 % pou prezidan sòtan an Jair Bolsonaro. Anviwon 11 lane aprè depi l te kite tèt peyi Brezil, Luiz Iñacio Lula Da Silva vin pran yon 3e […]Lire plus...
Yè mèkredi 19 oktòb la, konsèy sekirite Nasyon Zini an te dwe reyini an ijans pou pran yon desizyon sou dosye Ayiti a. Reyinyon sa a ranvwaye paske peyi yo pa rive antann yo. Etazini vin pa ka deside paske Lachin ak Larisi pa mache nan lojik pou voye militè etranje pou Ayiti. Donk Etazini […]Lire plus...






