Dosye Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) ki konsène Ayiti ak Venezyela ap antre nan yon etap enpòtan devan Lakou Siprèm Etazini. Tribinal la pwograme pou egzamine dosye a nan yon konferans 28 septanm 2026. Jij Kou Siprèm yo pral konsidere demann ki devan yo a pou detèmine si yo pral regade dosye a. Kesyon an gen gwo enpòtans pou benefisyè TPS Ayiti ak Venezyela yo, sitou nan moman batay legal la ap kontinye sou avni pwoteksyon sa yo.
Atansyon: 28 septanm pa nesesèman vle di Kou Siprèm nan pral rann yon desizyon final sou TPS Ayiti ak Venezyela menm jou a.













