Yo dekouvri kadav 2 jenn gason nan Taba 27 ap benyen nan san yo samdi 27 Dawout 2022 a nan aswè. Selon enfòmasyon yo, se yon ekip jenn gason ki t ap sikile nan yon machin Vitara ki ta louvri kout zam sou yo nan zòn Kan Akra. Nan menm semèn nan, sa fè 2 […]Lire plus...
Evania Noël ki te kidnape 24 dawout pase a nan Bon Repo, Raymond Emma, 24 dawout nan Klèsin ak Ferdinand Edson nèg ak zam te leve nan Kabarè 15 Dawout 2022 a jwenn liberasyon yo samdi 27 Dawout la gras ak dilijans Lapolis. DCPJ ak BRI te mete ansanm pou mennen operasyon sa a. Pandan […]Lire plus...
Plizyè moun sòti blese, kay kraze, anpil kout zam chante ayè jedi 25 dawout 2022 a nan aprè midi nan Tomasen 32. Anpil moun ki t ap fè zòn nan la oblije dòmi nan wout pou yo pa viktim. Sa gen kèk tan depi baz sa a ap kreye gwo panik nan limit sa a […]Lire plus...
Moun yo pa rive idantifye touye 2 sitwayen nan komin Plèn di Nò. Youn ladan yo se Pierre Berhome ki se yon sòlda nan Lame Dayiti ak Succès Petit. Gen 3 lòt moun ki sòti blese nan atak sa a. Dram sa a rive jodi Jedi 25 Dawout 2022 a daprè sa yon jounalis ki […]Lire plus...
Maten samdi 20 Dawout 2022 a, nèg ak zam moun pa rive idantifye touye epi mete dife sou yon machin prive ki te gen anviwon 3 fanm anndan l. Yon manman ak 2 pitit fi l. Sardjie ak Sherwood Sondjie Desanclos se non 2 medam sa yo bandi boule ak tout manman yo. Selon enfòmasyon […]Lire plus...
2 bandi ki idantifye kòm manm gwoup gang 400 mawozo mouri nan echanj kout zam ak Lapolis Nasyonal Dayiti yè vandredi 19 Dawout 2022 a nan komin Grantye, nan zòn Kafou Bwen. Mesye yo t ap twoke kòn yo ak polisye yo ki t ap mennen yon operasyon gason pa kanpe nan zòn nan, lè […]Lire plus...
Mackenson Pierre ki gen 18 lane ak Réginald Charles, 34 lane se non 2 endividi PNH la arete Ench ak Mibalè pou enplikasyon prezime yo nan zak malonèt. Arestasyon sa yo fèt mèkredi 17 Out la nan aswè. Mackenson akize kòm moun ki konn vòlò moto ak lòt zak ankò e Réginald bò kote pa […]Lire plus...
Daprè sa Medsen San Fwontyè rapòte, dimanch 14 Dawout pase a gen yon ekip nèg ak gwo zam fann fwa ki antre nan lopital Raoul Pierre-Louis nan Kafou epi leve yon pasyan ale avè l. Daprè enfòmasyon responsab MSF yo bay, pasyan an t ap resevwa swen lè bandi yo antre anndan lopital la, leve […]Lire plus...
James, alyas 60 ki se chèf baz Team 60 k ap evolye nan komin Kafou tonbe anba bal nan Dikini. Se moun yo pa rive idantifye ki touye dimanch 14 Dawout pase a. Gen 2 lòt endividi ki mouri nan menm moman an tou. James se te yon ansyen polisye ki te atache nan CIMO […]Lire plus...
Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022 a. Ajan yo sezi yon kay ak yon bon kantite Marigwana. Boyoco ki gen 31 lane, akize poutèt li ta vòlè yon fizi kalib M16 nan dat ki te 21 mars 2022 a ki te […]Lire plus...








