Wineco denonse ak tout fòs li nan yon nòt zak bandi ak zam komèt nan Tèminal la mèkredi 12 la byen ta nan aswè. Bandi yo antre anndan an, metrize ajan sekirite yo epi ale ak gaz. Selon nòt la, malfra yo te gen gwo zam fann fwa nan men yo nan moman dezòd la. […]Lire plus...
Lis la pa ko definitif puiske gouvènman ayisyen an ak BINUH poko voye lis pa yo a ale. Men gen 16 ofisyèl ayisyen viza yo gentan revoke, selon sa Emisè adjwen ameriken an Brian Nichols di. Pami yo gen 2 minis an fonksyon sou Ariel Henry, yon senatè an fonksyon, 3 ansyen depite ak 2 […]Lire plus...
Gary Desrosiers, pòt vwa PNH la fè konnen gen yon ekip malfra ki antre nan baz UDMO ki twouve l nan Matisan 23 a, yo pote ale anpil materyèl tankou: 9mm, anpil lòt zam otimatik, yon cha blennde ak yon zam wo kalib ki rele NEGEV. Bandi yo te gen chans vire vire yo byen […]Lire plus...
Daprè sa yon responsab nan gouvènman ameriken an deklare bay Ajans Près, Etazini pral revoke viza kèk ofisyèl ayisyen ki an fonksyon ak sa ki te pase kòm dirijan peyi a deja. Y ap pran desizyon sa a kont tout ofisyèl sa yo ki gen zanmitay ak gang an Ayiti. Chèf sa a ki pat […]Lire plus...
Daprè Miami Herald, pou reponn ak demand gouvènman Ayisyen ki te mande yo èd militè, deja gen yon bato lagè ameriken k ap fè patwouy nan rad Pòtoprens lan. Yo la pou yo fè fas ak gang yo k ap simen twoub nan nan anviwonnman lanmè a nan tèt kole ak PNH la. Bato a […]Lire plus...
Aprè yon reyinyon ki fèt wikenn pase a sou dosye Ayiti a, gen 19 peyi sou anviwon 35 ki se manm Òganizasyon Eta Ameriken ki siyen pou gen yon entèvansyon militè miskle ki fèt sou Ayiti. Desizyon sa a pran pandan yo t ap òganize yon Asanble Jeneral ak peyi manm OEA yo. “Nou afime […]Lire plus...
Nan yon rezolisyon ki pote dat 9 oktòb 2022 a, ti rès Sena a pran yon rezolisyon pou mande premye minis Ariel Henry kanpe sou zafè l ap mande fòs etranjè vin debake sou tè papa Desalin nan. Daprè sa yo ekri nan rezolisyon sa a, yo di desizyon an pran dèyè do lalwa. Senatè […]Lire plus...
77 fwa non, nou p ap dakò okipasyon militè sou tè manman libète a. Se deklarasyon ansyen premye minis Laurent Salvador Lamothe ki te nan tèt primati a sou ansyen prezidan Michel Martelly nan yon tweet. Li mande pou yo ede Lapolis jwenn bon jan ekipman ak fòmasyon pito pou yo kapab kwape gang yo. […]Lire plus...
Nan yon deklarasyon prezidan domiken an Luis Abinader fè jodi dimanch 9 oktòb la, li fè konnen li p ap voye twoup li Ayiti poutèt rezon istorik. Luis Abinader ale pi lwen li di li pral achte avyon ak Elikoptè lagè pou ranfòse lame li a pito. Depi sòlda etranje yo pral vini Ayiti, fwontyè […]Lire plus...
PDG SAM anbilans ki se Ralph Senécal ak tout chofè li ki se André Bazin viktim de zak kidnaping jounen samdi 8 oktòb 2022 a nan komin Gantye . Se yon pitit gason direktè a ki konfime nouvèl la e fè konnen se ta bandi 400 mawozo ki kidnape papa l. Li mande bandi yo […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]