Daprè Miami Herald, pou reponn ak demand gouvènman Ayisyen ki te mande yo èd militè, deja gen yon bato lagè ameriken k ap fè patwouy nan rad Pòtoprens lan. Yo la pou yo fè fas ak gang yo k ap simen twoub nan nan anviwonnman lanmè a nan tèt kole ak PNH la. Bato a la pou pwoteje enterè Etazini ki viktim atak gang yo nan zòn Akayè nan jou pase yo.
. N ap raple youn nan gwo poto Tonton Sam yo ap nan peyi a jodi a pou rankontre ak gouvènman an. N ap pale de Brian A. Nichols.