Nimewo 2 katèl meri Petyonvil la, Marie Géralda Nelson fè yon vizit sou Plas Sen Pyè pou konstate avansman travay amenajman k ap fèt nan espas piblik sa a. Daprè sa li obsève pandan vizit la, pwojè a ap pwogrese e plizyè travay deja rive nan yon etap enpòtan. Prezans responsab kominal la sou tèren […]Lire plus...
Ansyen prezidan Michel Joseph Martelly retounen Ozetazini aprè li fin reponn kesyon lajistis sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la. Pandan vizit li ann Ayiti a, lidè PHTK a te pase yon moman detant nan Petyonvil kote li te patisipe nan yon match foutbòl ak plizyè jèn. Selon enfòmasyon yo, li pran avyon nan Okap […]Lire plus...
Nathanaëlle Michel ak mari li Cantave, yon ajan UDMO, plede koupab nan dosye asasina polisyè Medjine Michel, ki te fèt 29 out 2024 nan Dèlma 75. Daprè enfòmasyon yo, krim nan ta gen rapò ak yon konfli sou yon tè kote manman akize yo te gen yon kay. Yo ta elimine polisyè a paske yo […]Lire plus...
Yon tranblemanntè mayitid 7.1 frape rejyon Kumamoto, sou zile Kyushu nan sid Japon, madi 28 jiyè 2026 la, daprè Reuters. Sekous la lakòz gwo panik epi fè plizyè domaj materyèl. Daprè premye bilan otorite yo, plis pase 100 moun blese, pandan anviwon 50 moun entène lopital. Ekip sekou yo sou teren an pou evalye domaj […]Lire plus...
Nan sèlman 19 an, Ariana kontinye make tras li nan angajman sosyal. Li deja reyalize plizyè aksyon solidarite, tankou bay 2 chèk pou fòme anviwon 400 jèn, patisipe nan renovasyon Plas Boyer, distribye plat cho ak kit alimantè bay fanmi ki nan bezwen, epi pote sipò pou Venezuela ansanm ak sponsor li yo. Jèn fi […]Lire plus...
Kafou, Gresye, Laplèn, Kwadèboukè, Site Solèy, Pòtoprens, Ba Dèlma, Kenskòf, Kanaran, Mibalè, Latibonit pou n site perimèt sa yo ase, se kote ki bay anpil elektè. Poutan, yo tout ak zòn ki anviwonnen yo anba kontwòl plizyè gwoup teworis. Anpil elektè kite zòn yo pou y al viv lòt kote. Tout konsiderasyon sa yo rann […]Lire plus...
Lendi 27 jiyè 2026 make fen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou plizyè milye Ayisyen k ap viv Ozetazini. Aprè anviwon 16 lane, administrasyon ameriken an mete fen ak pwogram nan, sa ki mete plis pase 300 000 Ayisyen nan yon sitiyasyon ensèten. Daprè enfòmasyon yo, ajan ICE yo deja gen otorizasyon pou arete moun ki […]Lire plus...
Pou pi piti 6 bandi bwè dlo bouch yo nan komin Kenskòf ayè dimanch 26 jiyè 2026 la nan lokalite Vya. Pandan atak sa a, fòs lòd yo sezi yon zam. Selon temwanyaj kèk moun ki t ap swiv, afwontman yo te vyolan anpil nan tèt mòn nan. Teworis yo te fè kachèt yo nan […]Lire plus...
Tantativ kidnaping Dèlma 33: yon biznismann manke mouri
Zèfèyis yo eseye kidnape yon biznismann byen bonè maten samdi 25 jiyè 2026 la nan Dèlma 33, toupre Lopital Inivèsitè Lapè. Viktim nan te nan yon machin blennde, sa ki fè bal yo pa t rive atenn li. Daprè temwen yo, asayan yo te nan yon Toyota Hilux blan ak defans nwa. Yo te frape […]Lire plus...
Anviwon 150 motosiklèt san plak ak asirans sezi jedi 23 jiyè 2026 pandan yon operasyon OAVCT ak PNH nan Wanament. Direktè OAVCT Wanament lan, Jean Jacques Gustave, fè konnen objektif operasyon an se mete veyikil yo an règ, ranfòse sekirite epi ankouraje chofè yo regilarize dokiman yo pou evite sanksyon.Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
