Administrasyon Donald Trump lan depòte yon lòt gwoup 72 Ayisyen, pami yo 10 fanm, ki rive nan ayewopò entènasyonal Okap la yè jedi 8 oktòb 2026, daprè enfòmasyon ki disponib yo. Vòl sa a antre nan kad operasyon otorite ameriken yo ap kontinye mennen pou depòte migran ayisyen yo tounen nan peyi yo. Pou kounye […]Lire plus...
Yon dram familyal rapòte nan 3yèm seksyon Savannlong, nan komin Wanament, yè jedi 8 oktòb 2026. Moléon Joseph ta touye papa li, Morilon Joseph, ak yon kout baton, aprè yon ensidan kote papa a t ap bat manman l, daprè yon mesaj vokal jèn gason an kite sou WhatsApp. Nan mesaj sa a, li rakonte […]Lire plus...
Yon tranblemanntè mayitid 4.1 frape vil Jeremi, nan depatman Grandans, nan aswè jedi 8 oktòb 2026 la, vè 8è 59 minit. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, episant tranblemanntè a te lokalize nan lanmè, anviwon 14 kilomèt ak vil la. Sekous sismik sa a te fèt nan aswè, pandan popilasyon an t ap kontinye aktivite li […]Lire plus...
Otorite Turks and Caicos yo entèsepte 110 migran ayisyen sou lanmè yè mèkredi 7 oktòb 2026 la, nan kad yon operasyon maritim kont migrasyon ilegal. Gwoup la te gen ladan l 87 gason ak 23 fanm. Daprè otorite yo, migran yo te sou yon bato ki te chaje anpil e yo te transpòte yo sou […]Lire plus...
Daprè enfòmasyon ki prezante nan kad ankèt federal ameriken sou asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse, chèf gang Jimmy Chérizier, alyas Babekyou , ta gen yon akò finansye li t ap tann nan men kèk moun ki t ap prepare konplo a. Dosye federal ameriken an montre plizyè chèf gang ayisyen te konsidere kòm alye potansyèl […]Lire plus...
Anviwon 230 000 katouch 5.56 mm te detounen nan estòk Polis Nasyonal Dominikèn nan, dapre rapò Gwoup Ekspè Nasyonzini sou Ayiti a. Yon pati nan minisyon sa yo ta rive ann Ayiti, kote kalib 5.56 mm nan se youn nan kalib gwoup ame yo itilize. Eapò ONU a fè konnen plis pase 908 000 atik, […]Lire plus...
Zam ak minisyon ki soti nan estòk Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) kontinye ap antre nan sikilasyon ilegal, daprè rapò Gwoup Ekspè Nasyonzini sou Ayiti a. 51 zam ki pote mak PNH te sezi nan peyi Jamayik, nan yon kontèks kote echanj dwòg ak zam se youn nan prensipal sous zam ilegal pou gwoup kriminèl […]Lire plus...
Ansyen senatè Jean-Charles Moïse, lidè pati Pitit Dessalines, parèt nan dènye rapò Gwoup Ekspè Nasyonzini sou Ayiti a, ki mete aksan sou kontrebann ak koripsyon ki make sektè sivèlès (angiy) la. Daprè rapò a, sektè sivèlès la (zangi) an Ayiti gen gwo vag kòripsyon ladan l. Gwoup Ekspè yo fè konnen enfliyans politik jwe yon […]Lire plus...
Rosemila Petit-Frère, ansyen majistra Akayè ant 2016 ak 2020, site nan dènye rapò Gwoup Ekspè Nasyonzini sou Ayiti a pou plizyè akizasyon ki gen rapò ak gang ak jesyon fon piblik. Daprè ekspè Nasyonzini yo, anvan fòmasyon kowalisyon Viv Ansanm, Petit-Frère te transmèt nan 3 okazyon enfòmasyon konfidansyèl bay Renel Destina, alyas Ti Lapli, sou […]Lire plus...
Daprè rapò Gwoup Ekspè Nasyonzini sou Ayiti a, 70% nan katouch 7,62 × 51 mm yo te sezi an 2026 nan men gang yo epi ki te analize pa ekspè yo soti nan estòl Polis Nasyonal d Ayiti (PNH). Rapò a site sitou minisyon yo te jwenn nan men gang Jamesley, nan Bèlè, ak Krache […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
