Tess Garry, jounalis radyo Lebon FM nan vil Okay te kite kay li depi lendi 18 oktòb pase a alòske l te nan wout pou ale nan travay li. Ayè lendi 24 oktòb la, yo jwenn li mouri e se fanmi l ki te idantifye l tèlman kadav la tchake. Se komisè Okay la Ronald […]Lire plus...
Nouvèl sa a tonbe jounen lendi 24 oktòb la e li sòti dirèkteman nan administrasyon Joe Biden nan. Ayiti p ap ka vann mango li a nan peyi Etazini a pati mwa janvye 2023 paske sitiyasyon ensekirite a anpeche enspektè APHIS yo travay jan sa dwe ye. Se ministè agrikilti kay Tonton Sam ki ekri […]Lire plus...
Nan yon operasyon gason pa kanpe, Lapolis kraze kay gang “Tizo” te konn itilize pou fè baz epi kenbe moun yo kidnape nan zòn Tapaj. Chèf gang “Tizo” se kouzen epi youn nan bra dwat Vitelòm ki patisipe nan anpil krim tankou asasina polisye, kidnaping, vòlè machin moun, fè brakaj pou n site sa yo […]Lire plus...
Lidè pati politik Pitit Desalin nan, Jean Charles Moïse vle pran pouvwa a nan men Premye minis Ariel Henry. Pou sa rive fèt, li mete kanpe yon konsèy tranzisyon ki batize Konsèy Tranzisyon Pèp Souvren (KTPS). Li fè konnen, konsèy sa a gen yon manda yon lane e li gen kòm prezidant Doktè Eugenia Romain […]Lire plus...
Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm 2022 k ap pwoche la a. Se nan Eta Florid fanmi an pran desizyon pou di yon dènye orevwa ak atis la. Anmenm tan, fanmi an pwomèt ap gen yon kominike k ap sòti pou […]Lire plus...
Minis Kilti ak kominikasyon peyi Dayiti a ki se Emmelie Prophète Milcé fè konnen gouvènman an vle bay Michael Benjamin yon fineray nasyonal. Li fè konnen ministè li a deja enfòme Ariel Henry, premye minis de facto a sou sa. Minis la di yon lòt bò, kèlkeswa desizyon fanmi Mika ta pran, ap gen yon […]Lire plus...
Sou paj Facebook li, enstitisyon polisyè peyi Dayiti a anonse fòs lòd yo touye yon bandi nan echanj kout zam epi yo arete yon dizèn lòt endividi ki ta nan zak malonèt. Lapolis la anonse y ap miltipliye operasyon yo nan zòn Swason, Tòsèl, Merizye ak Tapaj yon fason pou yo kapab kontrekare tout move […]Lire plus...
Repiblik Dominikèn apwouve yon demand konpayi AFA Trading ki mande achte lakay li 20 500 galon dizèl. Gaz sa a, se pou yo alimante 3 lopital Ayiti ak yon pak endistriyèl. Kantite sa a ap rive Ayiti pa vwa tèrès. Se yon desizyon ki pwouve a klè pwoblèm gaz la pa ko sou wout pou […]Lire plus...
Konsèy Sekirite Nasyon Zini an ki reyini jodi vandredi 21 oktòb la vote yon sèl kou yon sanksyon kont tout chèf gang nan peyi a, nan tèt lis la gen Jimmy Chérisier alyas Babekyou. Mezi sa a pran tou kont tout moun k ap finanse gang sa yo. Entèdiskyon vwayaj, sezi byen, anbago sou zam, […]Lire plus...
Maladi kolera a janbe fwontyè an, Repiblik Dominikèn dekouvri yon premye ka Kolera jodi a. Moun ki malad la se yon ayisyèn ki gen 34 lane. Li te sòti Ayiti 17 oktòb pase a e se nan rejyon Altagracia pasyan sa a ye daprè responsab sante lakay vwazen yo. Yon lòt nouvèl ki riske antrave […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com