Minis Kilti ak kominikasyon peyi Dayiti a ki se Emmelie Prophète Milcé fè konnen gouvènman an vle bay Michael Benjamin yon fineray nasyonal. Li fè konnen ministè li a deja enfòme Ariel Henry, premye minis de facto a sou sa. Minis la di yon lòt bò, kèlkeswa desizyon fanmi Mika ta pran, ap gen yon seremoni omaj Ayiti kanmenm pou chantè a.
Mikaben vin yon pèsonaj enkontounab nan mond lan depi lè l mouri a jis jodi a. Atis la ap rete imotèl nan tèt tout moun. Desizyon gouvènman an pran la a vin rekonfime enpòtans pitit gason Lionel Benjamin an te genyen nan je sosyete sila a, malgre se aprè lanmò li. Minis la te pale konsa sou yon estasyon radyo nan kapital la.