Và n kidnaping nan pa kanpe. Sou wout Frè a, aprè midi lendi 28 novanm nan, bandi ak zam manke kidnape pitit fi mèt Reynold Georges la ki rele Sarah Georges. Li resevwa yon katouch nan ponyèt e yon lòt moun ki te avèk li pran yon bal nan do. Se gras ak yon bakòp Lapolis ki lakoz sa pat pi mal.
Jiskaprezan, Lapolis pa deside fè anyen pou bay pèp la yon souf. Moun ap mouri, moun ap kidnape, moun ap pase mizè tout kote nan peyi a anba bandi gran chemen alòske tout estaf ki konpoze gouvènman sa a ap dodomeya. Pou kouwè l ye la a, Sarah Georges ap resevwa swen ka l nesesite nan lopital.