Avril Junior Jean-Louis, jounalis ak kameramann k ap travay pou TNH viktim agresyon fizik anba men yon polisye ki afekte nan sekirite rapwoche Alix Didier Fils-Aimé. Sa rive pandan konfrè a t ap kouvri vizit premye minis la nan Ri 3 Okap-Ayisyen jounen vandredi 31 jiyè a. Malgre travayè laprès la idantifye l ak badj […]Lire plus...
Selon espesyalis nan zafè sante yo, kantite adolesan ki trape maladi Sida, sifilis oubyen blenoraji pa sispann ogmante nan peyi d Ayiti. Sitiyasyon sa a, se kantite kadejak k ap fèt ki lakoz yo avèk monte ensekirite a. Selon espesyalis yo, maladi sa yo transmèt tou nan chanjman k ap fèt nan fason jèn yo […]Lire plus...
2 kamyon ak plizyè motosiklèt enplike nan yon aksidan sikilasyon maten vandredi 31 jiyè 2026 sa a. Aksidan an fèt nan mache Kokoye. Gen plizyè moun ki mouri men poko gen bilan ofisyèl ki bay sou kantite viktim yo. Kamyon sa yo te antre sou motosiklèt yo sa lakoz chofè, machann ak moun ki t […]Lire plus...
Delege depatmantal Nò a, Marc Présumé pa mete dlo nan bouch li pou l dezabiye Sunrise Airways an prezans premye minis defakto a nan yon reyinyon. Marc Présumé denonse dezòd ak sèvis move kalite konpayi sa a ap founi nan peyi a e li konnen PM nan okouran. Alix Didier Fils-Aimé di se pa li […]Lire plus...
Anie Alerte, tankou anpil lòt sitwayen ki abitye vwayaje ak Sunrise Airways denonse konpayi a ki fè l fè yon vwayaj an reta sòti Okap pou antre Pòtoprens madi 28 jiyè 2026 la. Daprè atis la, yon vòl 2è te rive jiska 4è 30 san okenn eksplikasyon. Mete sou sa, valiz li disparèt e jiskaprezan […]Lire plus...
Nan lokalite Williamson, komin Akayè, 2 moun pèdi lavi yo pandan yo t ap netwaye yon pi atezen. Selon premye eleman enfòmasyon temwen ki te la yo bay, yon premye moun ta desann nan pi a, men li pa t janm remonte. Pou pote l sekou, yo voye yon dezyèm moun desann, lè li rive […]Lire plus...
Raina Forbin ki se minis Zafè Etranjè ak Kilt te chita pale ak yon santèn lidè relijye sou pwosesis elektoral la ki lanse nan peyi a ayè mèkredi 29 jiyè 2026 la. Rankont sa a ki te dewoule nan Direksyon kilt yo nan ministè te fèt an prezans kèk aktè tankou prezidan KEP a, Jacques […]Lire plus...
Biwo Ofis Pwoteksyon Sitwayen salye relansman sesyon asiz kriminèl yo nan Pòtoprens. OPC konsidere sa kòm yon gran pa pou ede relanse sistèm jidisyè a ki te bloke akoz ensekirite ak mank fonksyònman enstitisyon Leta yo. Selon OPC, asiz kriminèl yo pral ede anpil nan diminye kantite moun ki nan prizon san yo pa janm […]Lire plus...
Chèf gouvènman defakto a, Alix Didier Fils-Aimé twouve l nan depatman Nò nan kad yon vizit 3 jou selon yon kominike ki rann piblik. Vizit sa a ta antre nan kad aktivite gouvènman an pou rankontre otorite lokal yo, evalye plizyè travay k ap fèt sou depatman an epi vizite kèk pwojè. Yon ti tan […]Lire plus...
Nan kad demach pou lapè k ap fèt nan komin Mibalè a, komite pou lapè a rive dezame gwoup otodefans ki rele Bakòp Feray la. Komisyon pou lapè a di se yon pa enpòtan pou moun ki te kouri yo ka retounen lakay yo. Pandan tan sa a, gwoup teworis ki te kraze komin nan […]Lire plus...
