redacteur 1

Pwotestasyon nan Fakilte Etnoloji: tout aktivite akademik yo kanpe

Etidyan Inivèsite Leta d Ayiti ki nan fakilte Etnoloji lanse yon mouvman pwotestasyon depi kèk jou. Etidyan sa yo ap denonse fason kèk dosye administratif ak akademik ap jere nan fakilte a. Pwotestatè yo mande dekana fakilte a pou l bay eksplikasyon klè sou plizyè dosye ki konsène fonksyònman enstitisyon an. Aktivite yo bloke pandan […]Lire plus...

KEP a louvri 10 sant enskripsyon nan depatman Lwès la

Konsèy Elektoral Pwovizwa a lanse operasyon enskripsyon elektè yo nan depatman Lwès la atravè 10 sant. Sant sa yo twouve yo Petyonvil, Dèlma ak Taba. Avèk lansman sa a, KEP a mande tout sitwayen ki gen laj ak pyès pou yo pase enskri osinon mete enfòmasyon yo ajou pou pwochen eleksyon yo. Sant enskripsyon sa […]Lire plus...

Komin Wanament lanse preparasyon pou fèt patwonal li

Komin Wanament lanse ofisyèlman ayè mèkredi 29 jiyè a preparasyon fèt patwonal li ki pral dewoule anba tèm “Se fèt pa nou, ann kole zepòl pou devlopman, sekirite ak pwòpte.” Se nouvo majistra prensipal la, Hervé Pierre, ki prezante komite ki pral gen responsablite òganize festivite yo.Nan entèvansyon li, majistra a mete aksan sou nesesite […]Lire plus...

Sante mantal anndan lekòl yo se priyorite MENFP

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl lanse Estrateji Nasyonal pou Sante Mantal anndan lekòl yo nan peyi d Ayiti. Daprè kominike ministè a, inisyativ sa a lanse pou ede elèv ki sibi konsekans ensekirite a ak kriz imanitè k ap frape peyi a. Ranfòse prevansyon, sipò ak swivi sikolojik pou ti moun ak jèn ki […]Lire plus...

Gouvènman defakto a dwe reyaji sou dosye TPS ayisyen yo

Guerline Joseph ki se yon militan dwa moun mande pou Alix Didier Fils-Aimé mennen yon pledwaye devan gouvènman ameriken an sou sa ki konsène TPS ayisyen yo Ozetazini. Nan yon entèvansyon li fè sou radyo Magik 9, Guerline Joseph deklare dirijan ayisyen yo dwe eksplike otorite amerikèn yo kòman ensekirite ak kriz imanitè a ap […]Lire plus...

Kiki Ramos antre nan listwa ak Ajantin U-17

Jèn foutbolè Kiki Ramos antre nan listwa kòm premye jwè ki fèt Ayiti ki pote koulè yon seleksyon an Ajantin. Kiki jwe premye match li ak U-17 Albiceleste a pandan yon rankont amikal kote ekip li a bat Ekwatè 2-1. Kiki Ramos fèt Pòtoprens men li te antre an Ajantin tou piti e se la […]Lire plus...

Bahamas depòte 61 migran ayisyen

61 ayisyen pami yo 15 fanm ak 46 gason ateri nan ayewopò Okap la madi 28 jiyè 2026 la. Se otorite nan peyi Bahamas ki depòte konpatriyòt sa yo. Daprè ONM, chak moun sa yo benefisye yon anvlòp 10 mil goud, yon plan manje ak lòt sipò pou ede yo rejwenn fanmi yo. Moun sa […]Lire plus...

Taekwondo : Jessica Lynn Lee fè Ayiti briye

Jèn atlèt ayisyèn Jessica Lynn Lee antre nan listwa espò peyi a apre li fin ranpòte yon meday lò nan kategori mwens pase 62 kilo nan 25e Jwèt Amerik Santral ak Karayib yo. Selon medya Haiti Tempo, avèk gwo pèfòmans li a, Jessica bay delegasyon ayisyèn nan premye tit li nan konpetisyon an epi li […]Lire plus...

Contact Us