Nan kad yon sòti akademik Inivèsite AntĂ©nor Firmin t ap òganize ayè samdi 28 jwen 2025 lan, gen anviwon 13 etidyan ki pèdi lavi yo aprè kannòt yo te ye a fin plonje nan lanmè a. Pami 27 etidyan ki t ap patisipe nan jounen sa a, se 6 yo jwenn e rechèch yo ap […]Lire plus...
Aprè dezisyon DHS pran pou koupe TPS ayisyen yo, prezidan ameriken an deklare anviwonnman peyi a estab e Ayisyen yo ka retounen lakay yo. Nan sans sa a, li gen rezon paske: Jeff Gwo Lwa sòti Kanaran li ale Lachapèl anyen pa rive l, Krisla òganize grèv ak manifestasyon Kafou, anyen pa rive l, Didi […]Lire plus...
Pòtoprens, Dèlma, Petyonvil leve anba gwo tansyon vandredi 27 jwen 2025 lan. Nan Dèlma 32, zòn Delimat, kawotchou t ap boule, Dèlma 40 tou. Desann Kanapevè te enposib sa ki te lakoz gwo gwo blokis sou Dèlma ak Boudon. Sitiyasyon sa a rive akoz yon manifestasyon ki ta dwe demare nan Kanapevè jounen vandredi sa […]Lire plus...
DHS anonse jounen vandredi 27 jwen 2025 lan li mete fen ak estati proteksyon tanporè pou tout resòtisan ayisyen yo. Donald Trump deklare sitiyasyon anviwonmantal la amelyore ase nan peyi d Ayiti yon fason pou sitwayen ayisyen yo retounen lakay yo. Li mande ayisyen yo pwofite de resous DHS ap bay atravè CPB Home nan […]Lire plus...
Prezidan peyi Kenya a, William Ruto fè Nasyon Zini konnen gen anpil posiblite pou l retire kò l nan dosye Fòs Miltinasyonal la. Prezidan kenyan an denonse mank angajman kominote entènasyonal la ki te pwomèt anpil bagay pou sipòte fòs la. Pa gen lajan e pa gen mwayen lojistik selon William Ruto. Peyi Kenya te […]Lire plus...
Val EnĂ©, jounalis nan radyo Scoop FM enstale jounen kite madi 24 jwen 2025 lan kòm moun ki pral pote lapawòl pou Primati Repiblik la. Li enstale nan pòs sa a nan kad “les mardis de la nation” abolotyo yo toujou òganize pou bay manti. EnĂ© Val pwomèt li pral travay pou l ka delivre […]Lire plus...
Anviwon 8 jou aprè moun Mibalè fin sabote kouran an nan Pelig pou egzije sekirite, brakè ki nan Leta yo poko di anyen. Sitiyasyon sa a mete responsab Lopital Lapè Dèlma 33 yo nan gwo tèt chaje. Se 600 mil goud yo blije depanse pou mete gaz nan jeneratris chak 3 jou pou yo ka […]Lire plus...
Yon kamyon ki t ap pote gaz eksploze nan depatman Latibonit nan zòn Pon Goden maten mèkredi 25 jwen 2025 lan. Chofè kamyon an mouri, yon pasaje ki te avèk li, yon chofè moto ak twa elèv lekòl pèdi lavi yo. Kadav yo griye selon temwen ki te sou plas akoz dife a e gen […]Lire plus...
Pa vwayaje an Ayiti e nou menm ki te deja la, degaje nou itilize tout mwayen transpò posib, komèsyal kou prive pou nou kite Ayiti, se sa anbasad la ekri sou paj Facebook li. Yo anonse mezi sa yo akoz vyolans ki gen nan peyi a ki kapab mete lavi resòtisan sa yo an danje, […]Lire plus...
Jean Pierre Phillipe jwenn arestasyon l nan vil Sen Mak e se frè zam parèy li yo ki mare misye. Ajan BIM ki fouke enspektè a, lè fouye telefòn li, yo jwenn kòman l ap planifye ak gang yo pou yo ka antre nan kèk komin nan depatman Latibonit la tankou Lachapèl. Selon premye eleman […]Lire plus...
