DHS anonse jounen vandredi 27 jwen 2025 lan li mete fen ak estati proteksyon tanporè pou tout resòtisan ayisyen yo. Donald Trump deklare sitiyasyon anviwonmantal la amelyore ase nan peyi d Ayiti yon fason pou sitwayen ayisyen yo retounen lakay yo. Li mande ayisyen yo pwofite de resous DHS ap bay atravè CPB Home nan pou yo retounen Ayiti oubyen chache yon lòt estati sosyal.
N ap raple se semèn sa a menm otorite amerikèn yo te pase resòtisan lakay yo lòd pou yo retounen Ayiti akoz pwoblèm gang yo.