Otorite Ayewopòtyè Nasyonal la (AAN) anonse yon nouvo mezi ki entèdi pran foto oswa fè anrejistreman videyo nan espas ki rezève pou resevwa ak pran swen moun yo depòte nan Ayewopò Entènasyonal Okap la. Nan yon nòt sikilè, administrasyon ayewopò a fè konnen mezi sa a konsène anplwaye, itilizatè ayewopò a, jounalis ak tout lòt moun ki prezan nan zòn sa yo. Daprè AAN, objektif la se pwoteje vi prive ak diyite moun yo depòte yo, pandan l ap pèmèt operasyon ayewopò yo dewoule san deranjman.
Otorite yo fè konnen desizyon an antre nan kad dispozisyon ki prevwa nan Anèks 9 Òganizasyon Aviyasyon Sivil Entènasyonal (OACI) sou fasilitasyon transpò ayeryen.
Mezi sa a kapab gen enpak patikilyèman sou travay jounalis k ap chèche dokimante arive moun yo depòte nan peyi a.













