Moun k ap jere Komisyon Nasyonal pou Dezameman ak Reyensèsyon an sòti yon nòt jodi a pou demanti enfòmasyon ki fè kwè Lanmò San Jou ekri yo pou dyalòg la. Nòt sa a ki deja al jwenn plizyè medya nan kapital la fè konnen menmsi yo la pou sa ki gen pou wè ak Dezameman men yo pa resevwa okenn lèt ki soti nan men chèf gang nan. Lanmò San Jou ki nan kouri depi aprè disparisyon 4 salvadoryen yo vin parèt tankou yon kriminèl ki pat janm konn si l te ka tonbe nan cho yon jou.
CNDDR la di yo pa okouran de lèt la jan enfòmasyon an ap sikile a.













