Lanmò San jou deside ekri yon lèt voye bay Komisyon Nasyonal Dezameman ak Reyensèsyon an pou mande yon chita pale pou yon posib negosyasyon selon medya Associated Presse. Lanmò San Jou di se pa paske li lach ki fè l ap mande dyalòg la ni se pa paske l vle rann tèt li men pito se pou evite yon beny san pou twòp inosan pa mouri. Gen enfòmasyon ki fè kwè misye menm anonse yon mach pou lapè pandan mwa novanm sa a.
Aprè Nasyon Zini fin refize l, Lanmò San Jou vire fas li bay CNDDR pou mande dyalòg.













