2 moun mouri anba bal, pami yo biznismann Garry Modelus ak Donaldson Joseph, pandan Wannik Jean Silné blese grav nan yon atak ame nan sant vil Ansapit, nan Sidès. Daprè enfòmasyon yo, se 3 dominiken ki te sou yon motosiklèt ki louvri kout zam sou viktim yo. Premye eleman ankèt yo fè kwè atak la ta gen rapò ak yon dezakò sou yon angajman nan kad yon trafik dwòg sispèk.
Nan kad ankèt la, otorite yo sezi motosiklèt sispèk ki te sèvi nan atak la, pandan envestigasyon yo ap kontinye pou etabli responsablite nan zak kriminèl sa a.













