Anviwon 60 Ayisyen arete pandan yon seremoni vodou nan vil Santiago, nan Repiblik Dominikèn, nan kad yon operasyon lannwit ajan Direksyon Jeneral Migrasyon (DGM) te mennen. Daprè medya dominiken Informate RD Noticias, operasyon an te fèt nan yon lokal kote gwoup la te reyini. Imaj ki sikile yo montre ajan migrasyon yo k ap antre nan lokal la, kote yo rapòte prezans divès objè ak tras san.
Otorite dominikèn yo poko bay yon rapò ofisyèl detaye sou operasyon an.













