Me Caleb Jean-Baptiste toujou nan men bandi yo men Direktris jeneral Biwo Nasyonal Patenarya nan Edikasyon (ONAPE), Stéphanie Paultre, jwenn liberasyon li dimanch 8 novanm 2026, dapre plizyè sous. Yo te kidnape li ansanm ak avoka Me Caleb Jean-Baptiste, 7 septanm pase a, nan lokalite Lakwa Peris, nan komin Gwo Mòn, depatman Latibonit. Yo tou de te sòti nan yon aktivite nan Enri, nan kad lansman ane eskolè 2026-2027 la. Pandan kidnapin nan, bandi ame yo te kidnape tou de polisye ki t ap asire sekirite yo.
Malgre Stéphanie Paultre libere, Me Caleb Jean-Baptiste toujou nan men kidnapè yo.













