Direksyon Jeneral Enpo anonse li kolekte yon montan 9.2 milya goud pandan mwa oktòb 2026 la. Dapre yon nòt ki pibliye vandredi 6 novanm 2026 la, enstitisyon an prezante chif sa a kòm pi gwo montan li janm ranmase nan listwa li. Montan sa a depase objektif mansyèl DGI te fikse a, ki te 8.7 milya goud. Sa reprezante yon depasman 542.5 milyon goud, oswa anviwon 6,2%.
Konpare ak mwa oktòb 2025, kote DGI te kolekte 7.6 milya goud, gen yon ogmantasyon 1.59 milya goud nan resèt fiskal yo.
Selon DGI, pwogrè sa a se rezilta efò modènizasyon direksyon jeneral aktyèl la ap antreprann nan fonksyònman enstitisyon













