6 vòl te pwograme pou ale Ayiti vandredi 23 oktòb la, daprè enfòmasyon plizyè medya rapòte sou baz done platfòm swivi ayeryen FlightAware. Pami vòl sa yo, 3 te soti Washington, D.C., Ozetazini, epi 3 lòt te soti Salvadò. Youn nan aparèy yo se yon avyon militè ameriken C-130J Super Hercules, ki pote endikatif SHARK99. Daprè enfòmasyon ki pibliye yo, avyon SHARK99 la te gen prevwa ateri nan apremidi nan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti nan Pòtoprens.
Salvadò deja voye pèsonèl militè nan peyi a pou kontribye nan efò k ap fèt pou jwenn teknisyen yo. Prezans sa a mete mouvman vòl ki soti nan peyi Amerik Santral la nan mitan atansyon piblik la.













