Chofè taksi k ap travay atravè aplikasyon nan Santiago denonse amann Direksyon Jeneral Migrasyon (DGM) ap enpoze sou yo lè yo pote sitwayen ayisyen ki pa legal. Daprè chofè yo, sanksyon yo kapab rive jiska 107,300 pesos dominiken, yon mezi yo konsidere kòm twò lou, sitou paske yo di li difisil pou yo verifye estati migratwa chak pasaje anvan yo aksepte yon trajè. Asosiyasyon chofè taksi nan Santiago mande pou otorite revize desizyon sa a ki pa nan avantaj yo.
Daprè enfòmasyon ki rapòte a 107,300 pesos la te koresponn ak yon ka espesifik, kote otorite migrasyon yo te enpoze sanksyon sou yon chofè aprè yo te kenbe yon machin ki t ap transpòte 4 sitwayen ayisyen yo konsidere kòm nan sitiyasyon migratwa iregilye.













