Ministè Ayisyen K ap Viv Aletranje (MHAVE) anonse lanmò ansyen minis li a, Olicier Pierriche, ki mouri 1ye septanm 2026 apre li te fin soufri ak yon maladi pandan yon bon tan. Olicier Pierriche te pran tèt MHAVE ofisyèlman 22 janvye 2015, anba prezidans Michel Martelly, kote li te ranplase François Guillaume II. Lè li t ap antre an fonksyon, li te pwomèt pou bay yon nouvo souf nan relasyon ant Ayisyen k ap viv aletranje ak peyi yo. Malgre manda li te dire sèlman soti janvye rive avril 2015, li te lanse plizyè demach pou ranfòse lyen ak dyaspora ayisyèn nan.
Anplis sèvis li nan administrasyon piblik la, Olivier Pierriche te yon pastè ki t ap sèvi nan legliz Tabernacle de Gloire nan Fort Lauderdale, Florid.













