Pliske 40 moun pèdi lavi yo nan yon lokalite ki rele Labodri nan komin Kabarè ayè jedi 11 septanm nan nan laprè midi, selon plizyè medya lokal. Se bandi ak gwo zam fann fwa ki antre lakay moun yo epi masakre yo tankou jan yo toujou fè l divès kote nan peyi a. Fanm, granmoun ak ti moun konte pami viktim yo.
Pandan tan sa a, Alix ak ekip li ap laloz paske masak sa yo nan avantaj yo.




















