Chèf Pitit Desalin nan, Moïse Jean-Charles finn souse manmèl bèf la.Towo a deklare jodi a sou radyo Magic 9, si konsèy 9 tèt la pa fè anyen pou rezoud ensekirite a, Emmanuel Vertilaire ap demisyone nan 2 semèn ankò. Pi lwen, abolotcho politik la pa ekate posiblite pou l lanse kèk manifestasyon nan peyi avan lontan pou l ka mande KPT a ak tout gouvènman an remèt demisyon yo.
Depi lè Moïse Jean-Charles a ekip li ap chache gen kontwòl zangi a, li pa pale nan laprès souvan.