Tonton Sam mete 9 initil nan tèt pouvwa a nan peyi d Ayiti, vandredi 25 avril 2025 sa a fè yo yon lane. Pandan yo la a, Kafou, Dèlma 19, Dèlma 30, Solino, Kriswa, Sodo, Mibalè, Kenskòf pou n site sa yo ase, tonbe anba men teworis. 9 atoufè sa yo pran peyi a an otaj ak tout Viv Ansanm pou yo pa òganize eleksyon men pito ogmante ensekirite a pou yo ka fè lajan ak fanmi yo.
KPT a ansanm a Alix Didier ap fonksyone nan manti, vòlò ak detounen lajan Leta, vwayaje san rezilta epi bay Viv Ansanm plis tèren.