Nan kad batay ki te genyen ant brigadye Kanapevè yo epi Lapolis fas ak kriminèl yo, gen pliske 30 malveyan ki al jwenn bawon san konte sa ki blese. Enfòmasyon sa yo soti nan divès sous nan PNH la ak bò kote brigadye yo. Nan kriminèl ki tonbe yo gen yon sèten Bozè ki te toujou konn ap bay pwoblèm nan zòn nan e se nan gang 5 segond li sòti. N ap raple inite Cat Team ki afekte nan Palè Nasyonal te nan batay sa tou.
Kominikasyon atè a fè santi Lapolis a brigad yo pran plis kou pase bandi yo, men se pa sa.