Nan tèt kole ak gouvènman Repiblik la, se pa yon rimè ni yon blag, Konsèy prezidansyèl initil peyi d Ayiti a kondane ak tout fòs li yon atak ki fèt kont yon seri sivil san defans, selon sa yo ekri nan kominike sa a, nan rejyon Jammu ak Cachemire, nan peyi End. Nan atak sa a ki fèt ayè madi 22 avril 2025 la, gen anviwon 26 moun ki pèdi lavi yo. KPT a di yo kondane zak sa a ak raj e regrè.
Nèg yo montre, atravè kominike sa a, yo pa moun ditou e pakèt inosan yo lage bandi ap touye nan peyi a pi mal pase chen san mèt.