Jeff Gwo Lwa ki se chèf gang Kanaran an pran kontwòl radyo Panic FM k ap emèt sou 97.5 epi li chanje non radyo a an Taliban FM depi dimanch 20 avril 2025. Depi jou sa a, gang yo ap fè pwòp emisyon yo sou radyo a, se mesaj chèf gang nan k ap sikile e y ap difize pwòp mizik yo. Se plizyè konfrè jounalis nan depatman Sant peyi a ki konfime enfòmasyon sa a.
Kesyon k ap poze kounye a, poukisa CONATEL poko koupe ond radyo a epi retire l nan lè?




















