Kapital la reveye maten mèkredi 7 septanm nan an malmakak, pa gen twòp moun nan lari jan sa te konn ye, akoz jounen grèv ki mache ak gwo mouvman leve kanpe ki te anonse depi kèk jou. Lapolis deplwaye plizyè kote nan lari a pou pran kontwòl sitiyasyon an. Se menm kad figi a pou komin Jakmèl, Okay ak Jeremi daprè premye eleman enfòmasyon yo.
Nan menm kad figi sa a, DDO-Lwès pase lòd polisye yo pa kite manifestan yo monte Petyonvil e yon lòt bò, Asosiyasyon Pwofesyonèl Bank yo pase konsiy pou pòt tout sikisal Bank yo fèmen pòt yo nan Petyonvil, Delma ak anba lavil la. Se pa diferan pou Jakmèl, Okay ak Jeremi.