Pandan jounen ayè dimanch 31 dawout 2025 lan, yon kontenjan militè ameriken rive Pòtoprens byen ekipe. Misyon yo se pa pou vin batay kont gang men pito pou pwoteje anbasad amerikèn. Selon enfòmasyon yo, yo la tou pou ranplase yon lòt gwoup ki te la deja pou yo ka pèmèt anbasad la kontinye fonksyone.
Gwoup militè sa yo pare tou pou fè entèvansyon si gen ijans.





















