Inite Lit Kont Kòripsyon rekòmande pou pakè mete aksyon piblik an mouvman kont Niola Lynn Octavius poutèt li vòlè yon gwo mago lajan nan ministè Jenès Espò ak Aksyon Sivik. Sou 10 milyon goud ki te dekese pou fete Vètyè an 2024, madanm nan detounen 7 milyon 660 mil goud. Minis lan vòlè lajan sa a nan tèt kole ak chèf sekirite li ki se Jean Vilaire Maitre epi kontab an chèf la Ludner Vogel Desforges.
ULCC mande pou mare minis la pou dwèt long siperyè.




















