Pòtoprens sou tansyon bandi G9 yo ap afwonte lapolis

haitinewstv.com

Pòtoprens sou tansyon bandi G9 yo ap afwonte lapolis

Li fè 2 zè nan aprèmidi, anpil kout zam ap tire aktyèlman nan tout Pòtoprens. Bandi ak zam ki fè pati federasyon gang “G9 an Fanmi ak Alye” ki gen pou pòt pawòl “Babekyou” ap tire nan tout direksyon.

Repòtè nou ki nan lari a enfòme genyen gwo echanj kout zam k ap fèt ant lapolis ak bandi. Nan zòn Site solèy, Douya, sou Wout ayopò a se pa pale.

« Bandi do touni ki sòti anndan Simon-Pelé ap fè fas kare ak yon cha lapolis ki sou wout ayopò a », daprè sa li konstate.

N ap raple sitiyasyon an pa diferan nan zòn anba lavil ak bisantnè kote nèg ak zam se sèl kòk chante jodi madi 26 Oktòb la.

N ap raple gen yon operasyon “Peyi lòk” pou 3 jou sou teritwa nasyonal la ke divès sektè, pami yo transpò, lanse pou denonse Leta ayisyen ki pa fè anyen kont ensekirite a ak gaz ki pa genyen. Jimmy Cherizier alyas “Babekyou” fè konnen toutotan Premye minis Ariel Henry pa demisyone okenn kamyon gaz pap kite tèminal Varreux pou ale nan ponp yo. Mikanò, k ap dirije Waf Jeremi, mande pa bò kote pa l « 50 milyon goud pou kite kamyon gaz yo pase pou l al founi estasyon esans yo ».

N ap raple yè lapolis la te voye 4 cha blende al sekirize tèminal Varreux ki nan Site Solèy, bandi ak zam fè yo kouri anba kout bal.

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le dĂ©partement d’État amĂ©ricain a publiĂ© le lundi 6 dĂ©cembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratĂ©gie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Michel Martelly: Mwen te kite yon peyi kanpe, jodi a

Ansyen Prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, kritike eta Ayiti pandan l ap fè yon konparezon ant sitiyasyon peyi a

John Joël Joseph te fè pastè Sanon rankontre ak Pierre

Ansyen senatè ayisyen John Joël Joseph deklare, vandredi 23 oktòb 2026 la, devan tribinal federal Miami, se li menm ki

6 vòl pwograme pou Ayiti, y ap soti Ozetazini ak

6 vòl te pwograme pou ale Ayiti vandredi 23 oktòb la, daprè enfòmasyon plizyè medya rapòte sou baz done platfòm

John Joël Joseph te kraze telefòn li yo pou Lapolis

Ansyen senatè ayisyen John Joël Joseph deklare li te kraze tou 2 telefòn li te genyen yo pou anpeche Lapolis

Sou dosye salvadoryen yo, prezidan Bukele pale ankò

Prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, pran lapawòl ankò sou misyon k ap prepare pou konbat gang ame ann Ayiti, pandan

Contact Us