Anpil ti fi ki gen ant 13 pou rive 17 lane ap plede ansent nan kan ki ebèje moun ki deplase yo nan divès kwen nan kapital la. Selon kèk temwanyaj, gen nan ti moun sa yo, se paran yo ki lage yo nan fè mandyan pou yo ka pot manje vini pandan gen lòt se pou konble vid yo genyen ki fè yo fè sa. Pa vrèman gen gwo bri ki fèt sou sitiyasyon malouk sa yo k ap grandi nan divès kan refijye anndan peyi a.
Vyolans seksyèl yo menm se pa pale. Vire tounen fanm ak ti fi ap viktim vyòl nan kan yo.





















