Kriminèl yo evite Akayè, yo pase sou lanmè pou yo ka anvayi Monri ayè lendi 20 oktòb 2025 lan. Yo touye moun, yo boule kay, yo kraze brize anndan zòn nan. Majorite abitan monri oblije kouri pran lanmè pou ale sou zile Lagonav. Katye ki rele Delije anndan Moni a, zèfèyis yo depatcha l nèt, tèlman yo fe dega selon plizyè temwanyaj.
KPT, Fils-Aimé ak tout lòt atoufè ki nan tèt PNH yo kontinye simen vil bay Viv Ansanm.





















