Yon diskou san fondman, san bilan, san kalite ki pou ta omwens fè konnen se yon ayisyen ki soti sou tè Desalin nan ki t ap pale. Laurent St-Cyr pat ka prezante okenn bilan sou sa KPT a reyalize sèlman aprè 16 mwa. Kontrèman ak Edgard Leblanc Fils ki te fè yon jefò lane pase sou tribin Nasyon Zini an. Ane sa a, Laurent St-Cyr te la men anyen serye li pat di.
Laurent St-Cyr mande lapè sou tribin Nasyon Zini pandan ekip li ladan l lan pa ka menm kòmanse eseye.




















