Mendel Raphaël moun konnen sou ti non Tati Mendel sou rezo a nan men Lapolis nan peyi Etazini. Selon dosye ki sòti nan Lapolis, yo akize l pou asèlman kriminèl, konplo kriminèl, tantiv pou touye moun. Lòt chèf akizasyon ki peze sou li se presyon oubyen chantaj pou fòse moun ba li lajan. Se nan vil Orlando yo mete men sou Mendel e li fèmen dèyè kat miray pou kounye a.
Dosye sa a gen pou ae devan lajistis pou gran piblik la konnen swit afè a.





















