Ansyen premye minis Jean Henry Céant fin debòde poutèt ULCC mete yon rapò deyò ki denonse l. Misye detounen pliske 20 milyon goud nan ONA daprè ULCC. Selon rapò anketè yo bay la, Henry Céant itilize tout teknik pou l vòlè lajan malere yo. Aprè rapò sa a, ansyen PM nan fin debòde, li menm anonse li pral atake direktè ULCC a an jistis.
N ap raple Kanada te sanksyone notè Céant paske l nan kòripsyon epi l ap finanse gang.




















