“Gen atis fanm nan HMI la, ki rive fè siksè prèske tout moun pase sou yo. Sòti nan moun k ap pote speaker, enjenyè son, atis ki nan estidyo, pwodiktè, animatè, direktè medya, esponnsò, pwomotè k ap òganize pwogram pou yo ka pwograme yo tout tan, elatriye”, se sa Darline Desca deklare nan yon live li t ap fè sou paj Facebook li a.
Revelasyon Darline Desca fè a montre nan ki nivo atis fanm ayisyèn yo ap pase move moman avan yo fè siksè.




















