Yon sitwayen ayisyen ki gen pou non Péniel Olibris plede koupab devan yon jij nan Eta Kolorado nan peyi Etazini. Péniel konsyan li te konn voye zam bay paran l Ayiti e se anndan machin li mete yo epi transpòte yo nan bato. Koupab la fè konnen se depi Kolorado li achte zam yo pou […]Lire plus...
Pami peyi manm Nasyon Zini k ap pale de pwoblèm gang yo nan peyi a, gouvènman Kanadyen an fè konnen se nèg ki gen kòb nan peyi a k ap finanse gang yo. Kanada di se oligachi a ki kanpe rèd dèyè chèf gang yo. Dènye jou sa yo, peyi ki di yo se zanmi […]Lire plus...
Nèg ak zam ki t ap flannen sou yon pikòp Hilux koulè ble kidnape 4 moun byen bonè maten an nan Kafoufèy, zòn plas Jeremi. Youn nan moun yo t ap debouye l pou l al Legliz lè bandi yo kidnape l la. Pa gen moun ki ko konn idantite moun yo anlve yo ni […]Lire plus...
Gras ak entèvansyon Lapolis bandi ak zam pa reyisi fè yon kidnaping nan anviwon Chandmas aprèmidi dimanch 25 septanm nan. Polisye yo estope 2 nan bandi ki t ap tante fè anlèvman an e 2 otaj yo libere. Polisye yo tou te pwofite lage koukouwouj dèyè kèk lòt ki te nan yon machin san plak […]Lire plus...
Nan kad 5e jounen mouvman leve kanpe ak kraze brize ki gen nan peyi a, chèf gang yo sanble pa vle fè zewo e yo vle mete Lapolis an dawout. Jodi vandredi 16 septanm nan, anplis de Jimmy Chérisier ki nan lari a, anba Dèlma, chèf gang Vithelome ap chache pran kontwòl Wout Frè bò […]Lire plus...
Nan yon diskou 14 minit li fè devan wo grade yo nan Òganizasyon Eta Ameriken yè jedi a, prezidan dominiken an Luis Abinader di se yon ti gè sivil ki gen nan peyi a. Li mande responsab OEA yo pou pran yon mezi rapid sou Ayiti. Selon Abinader, se pou responsab yo nan entènasyonal la […]Lire plus...
Aprè yon konsèy gouvènman ki òganize yè jedi 15 septanm nan, Ariel Henry ak rès manm ki nan gouvènman li an deside pou lanse eta ijans sekiritè sou tout peyi a apati jounen vandredi 16 septanm 2022 a. Daprè enfòmasyon yo, gouvènman ayisyen an pral lanse kouvrefe sou tout peyi a apati jodi vandredi a […]Lire plus...
Depi lè kriz sa a ap pran chenn nan peyi a, Luis Abinader pa janm sispann montre enkyetid li pou Ayiti. Aprè l fin fèmen tout konsila li yo nan peyi a, gouvènman an deside voye twoup espesyal nan peyi a pou pwoteje anbasad li a. Menm jounen jedi 15 septanm nan, gouvènman dominiken an […]Lire plus...
Nan kad mobilizasyon ki genyen nan kat kwen peyi a, youn nan chèf gang Lapolis la di l ap chache ak epeny ti tèt ki se Jimmy Chérisier alyas Babekyou te mete manifestasyon pa l sou pye anba Dèlma kote l t ap chante “nou pral fè dechoukay”. Sèn piyaj ki te gen sou Dèlma […]Lire plus...
Peyi Sen Domeng ap tagèt Ayiti tout bon dènye jou sa yo. Nan yon desizyon gouvènman dominiken an fenk pran, li deside fèmen tout konsila li yo nan peyi a pandan l fè konsil yo ak rès pèsonèl yo rantre lakay yo Sen Domeng. Responsab dominiken yo avanse kòm prèv pou pran desizyon sa a […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com