Pami peyi manm Nasyon Zini k ap pale de pwoblèm gang yo nan peyi a, gouvènman Kanadyen an fè konnen se nèg ki gen kòb nan peyi a k ap finanse gang yo. Kanada di se oligachi a ki kanpe rèd dèyè chèf gang yo.
Dènye jou sa yo, peyi ki di yo se zanmi Ayiti yo fè anpil sòti sitou nan kad dewoulman 77è Asanble Jeneral Nasyon Zini an semèn pase a. Etazini, Kanada ak Lafrans se 3 pami peyi ki sanse di yo pral fè yon jan pou bloke tout gang yo e jele kont tout moun k ap sipòte yo.