Yon sitwayen ayisyen ki gen pou non Péniel Olibris plede koupab devan yon jij nan Eta Kolorado nan peyi Etazini. Péniel konsyan li te konn voye zam bay paran l Ayiti e se anndan machin li mete yo epi transpòte yo nan bato.
Koupab la fè konnen se depi Kolorado li achte zam yo pou yove bay fanmi li Ayiti. Pou kounye a, nou poko konnen konbyen tan li pral pase nan prizon pou dezòd sa a. N ap raple, zafè transfè zam ilegal ant peyi Etazini ak Ayiti se youn nan pi gwo doulè peyi a ap konnen jodi a.